Timoun
yo ap grandi chak jou, epi valè pou depanse pou voye yon
timoun nan kolèj ap monte pi rèd. Se pou rezon sa a ki
fè Leta Florid gen kounye a de kalite plan pou kolèj ak
pri abòdab ki gen pi plis chwa ak fleksiblite pou reponn
a bezwen fanmi w.
Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj Florid La
Ak Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj Florid la, ou pa bezwen ap
kase tèt ou osijè mache bous la oswa si w ap gen ase lajan sere
dekote pou sa. Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj Florid la bloke pri
pou kou yo nan kolèj, frè lokal yo ak depans pou kay nan site
inivèsitè - garanti!
Plan Pou Envestisman Pou Kolèj Florid La
Nouvo Plan pou Envestisman pou Kolèj Florid la se yon fason ki
fasil epi ki gen yon pri abòdab pou met lajan dekote pou kolèj ak
yon evantay chwa nan envestisman ak benefis pou enpo (taks). Ou ka
itilize lajan an nan Plan pou Envestisman pou Kolèj ou an pou nenpòt
ki depans pou kolèj ki kalifye, nenpòt ki kote nan peyi a.
Ou pa bezwen fè yon chwa ant Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj
Florid la ak Plan pou Envestisman pou Kolèj Florid la. Ou ka itilize
plan yo separeman oswa ansanm.
Ou ka achte Plan pou Envestisman pou Kolèj Florid la epi bloke
pri pou kou yo nan kolèj, frè lokal yo ak depans pou kay nan site
inivèsitè nan yon Inivèsite piblik nan Florid oswa yon kolèj
kominotè. Epitou ou ka itilize Plan pou Envestisman pou Kolèj Florid
la pou ka mete lajan dekote pou lòt depans pou kolèj ki kalifye ou
genyen, swa nan Florid swa andeyò eta a.
Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj Florid la ak Plan pou Envestisman
pou Kolèj Florid la toulède se plan 529 yo ye. Se Leta Florid ki
patwone toulède epi se Konsèy pou Pèman Davans pou Kolèj nan Florid
ki administre yo.
Anrejistreman pou Plan pou Pèman Davans lan
deja kòmanse. Pou bloke pri yo pou ane sa a, ou bezwen anrejistre
anvan le 31 janvye 2008.
Pi bonè ou kòmanse met lajan dekote pou
kolèj, se plis l ap bon pou ou.
Se Leta Florid ki garanti Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj
Florid la. Kontrèman a Plan Pou Pèman Davans Pou Kolèj Florid la, envestisman yon moun fè nan
Plan pou Envestisman pou Kolèj Florid la pa asire oswa garanti, epi ou ka pèdi tout envestisman
w lan oswa yon pati ladan l. Yo pral vann Plan pou Envestisman pou Kolèj Florid la sèlman atravè
yon Deklarasyon Dechaj pou Plan Envestisman ak yon Akò pou Patisipasyon nan Plan pou Envestisman.
Yo pral voye yon kopi chak baw lè ou fè demann lan; ou ta dwe li yo byen anvan ou fè yon
envestisman. Pa gen anyen nan sit entènèt sa a ou ta dwe entèprete kòmkwa se konsèy finansye,
konsèy sou envestisman, konsèy legal oswa konsèy sou zafè enpo (taks) n ap bay. Konsilte pwòp
konseye w anvan ou fè yon envestisman.
|